Pon---060818---1

FÈ SAVON NAN ATELIER THEVENET – Jean Rabel, Ayiti

Nan Atelyer Thevenet, nou pa travay tout tan. Nou menm tou nou gen kèk moman amizan!

Fòmasyon se yon pati enpòtan nan aprantisaj. Aprann nouvo bagay ka ede nou nan lavi chak jou nou epi pafwa ka kòmanse yon nouvo fason pou fè lajan pou fanmi nou.

Fwa sa a, nou te jwi yon kou sou fason pou fè savon. Se yon savon pou netwaye rad. Isit la, moun lave alamen, nan rivyè a ak nan kay la.

Te gen kèk teyori men sitou li te pratik.

Se te yon bèl jou pou kraze woutin nan, aprann youn ak lòt pi byen epi tou santi nou se yon sèl gwoup.

Medam yo te kontan!!!

Kounye a fòk nou tann kat jou pou savon an mete pou nou wè kijan li fonksyone !!!

– Sr Belén Ingelmo, RJM

Pòs ki sanble