Bridges, 8 mas 2019

Rankontre EKIP JEAN RABEL – Ayiti

Ane sa a nou se sis manm! Twa Ilandè, twa Panyòl.

Ou konnen deja Sr Nazareth Ybarra, RJM (chita) soti nan Espay ak Sr Rose Kelly, RJM (adwat) soti nan Iland, men isit la se lòt volontè yo jan yo parèt nan foto a:

  • Sr Bridget O'Driscoll, OP, te vini Novanm 2017 e li isit la jiska jen. Li te pase 22 ane nan yon misyon nan Brezil. Sr Bridget te vini pou yon vizit epi yo te mande pou l rete pou aplike pwogram nan, "Pastoral Timoun Piti e Fanm Ansent". Pwogram nan akonpaye fanm ki ansent ak timoun ki gen ant 0 ak 6 zan. Li ede diminye mòtalite tibebe, amelyore sante, travay sou edikasyon, ak bati kominote.
  • Breda Sammon te vini nan mwa jen soti nan Iland, pou yon ane nan fòmasyon òdinatè. Li gen yon kontra pou yon ane ak "Viatores Christi" epi li ap monte de sal òdinatè nan lekòl Acadien ak Colette.
  • Claudia Portillo Sánchez, ki soti Almeria, Espay te vin atravè ONG Entreculturas, apre li te resevwa yon ane fòmasyon VOLPA (Volontè Pedro Arrupe) an Espay. Li fèk rive de sa yon mwa epi li ap vin konnen Ayiti. Claudia ap travay nan atelye ak Nazareth nan maten. Nan apremidi li pran klas kreyòl epi de jou pa semèn ap ale ak klinik mobil nan diferan zòn.
  • Paloma Peñas Dendariena, ki soti nan Espay, se yon VOLPA (Volontè Pedro Arrupe) ak ONG Entreculturas tou, e li te chwazi rete pou yon dezyèm ane. Li bay sipò pedagojik nan lekòl Foi et Joie, se volontè ak “Pastoral Timoun Piti” epi travay nan apremidi lekòl pou timoun ki restavèk (yon sòt esklavaj timoun ki toujou egziste isit la).

Kominote nou an se yon sous rankont divès - travay lòt moun anrichi nou, epi li ba nou limyè sou diferan reyalite bò kote nou. Ansanm, nap kontinye misyon pou nou mache kòt a kòt ak kominote Jean Rabel, ak pèp ayisyen ki pataje anpil ak nou e ke nou kontinye grandi.

– Claudia Portillo Sánchez

Pòs ki sanble