Chè sè yo,
Ansanm ak bilten Septanm UNANIMA a, mwen ta renmen pataje avèk nou kèk bon nouvèl ki te rann posib gras ak UNANIMA. Mwa pase a, yon Sè Ursuline soti Ozetazini, Sè Larraine, te pran kontak avè m paske kongregasyon nou an prezan nan peyi Siri. Gras a ONG li (Dlo ak benediksyon), nou te kòmanse yon pwojè pou jwenn dlo potab bay fanmi siryen yo nan Aleppo. Deja, sè nou yo nan peyi Siri te resevwa plizyè bwat ak filtè pou netwaye dlo a. Epi nan fen mwa septanm nan, Sè Annie Demerjian pral bay fòmasyon relijye Franciskan yo ki pral distribye filtè tou. N ap bay plis detay nan bilten k ap vini an, kote nou espere pataje kèk foto avèk ou tou.
Bilten prezan an gen plizyè enfòmasyon enteresan, men mwen ta renmen atire atansyon w yon fason patikilye sou enfòmasyon yo bay nan paj 4 la, ki bay dat divès selebrasyon entènasyonal yo.
Pou moun nan nou ki travay nan lekòl oswa/ak nan lòt sant edikasyon, li ta ka enteresan pataje enfòmasyon sa a ak anplwaye yo ak jèn yo ke yo te konfye ou.
