ATELIER THEVENET SELEBRE FEN ANE
Semèn pase a nou te fè fèt pou selebre fen ane sa a nan atelye koud fanm yo, Atelier Thevenet!
Kòm ou ka wè, nou gen yon gwo gwoup timoun ak adolesan ak de pwofesè ki te ansyen travayè nan ti Atelier la. Anba a se Sr Nazareth Ybarra chita ak de nan medam ki nan fòmasyon nan Atelier la.
Se yon bèl eksperyans pou jèn etidyan yo. Yo vini lendi ak jedi, soti 2 a 4 pm Yo aprann sa ki pral itil yo nan lavni epi tou yo gen opòtinite sosyalize ak elèv ki soti nan diferan lekòl. Yo aprann ponktyalite, pasyans epi tou yo pran anpil plezi!
Anba a ou ka wè egzanp travay ekstraòdinè brode yo ki pral vann pou fanm yo ka gen kèk revni nan travay yo.
Bòn fèt pou yo!!!
– Sr Belén Ingelmo, RJM
